Chè sè HLN,
Nou pèdi yon sè nou te renmen anpil, yon manm tout moun te konnen epi respekte nan dyaspora nou an ak an Ayiti. Etidyan li te konnen l antanke Pwofesè Racine; li te anseye pandan plizyè deseni nan Inivèsite Distri Columbia (UDC). Fanmi ak zanmi li te ba l ti non jwèt “Maye”. Pou pitit fi cheri li, Mikaele, ak pitit gason li, Onorab Karl A., Racine se te tou sempman “Manman”.
Madan Racine mouri pasifikman 23 Jiyè nan vil “Philadelphia” Ozetazini. Moun li te renmen te antoure l, menm jan yo te antoure l pandan tout moman maladi a.
Pandan plizyè ane, Pwofesè Racine te yon kokenchen pèsonalite, yon Mapou, non sèlman nan zòn Washington DC kote li te viv ak travay, men nan anpil lòt eta tankou New York, Florid ak lòt peyi patikilyèman an Ayiti ak Kanada.
Pwofesè Racine te yon aktivis ki te patisipe nan mach pou dwa sivil nan peyi Etazini; li te patisipe nan mach kont diktati Divalyeris ki te fèt Ozetazini; li te travay san pran souf pou dwa refijye alawonbadè epi patikilyèman pou dwa refijye ayisyen ak pou tout moun yo oprime.
Pwofesè Racine te ko-fondatè oswa prezide plizyè òganizasyon ki pa t pou pwofi, espesyalman oganizasyon Proje Refijye ayisyen an, Biwo Washington sou Ayiti, Zanmi Ayiti, Fonkoze, Fon Lambi an Ayiti ak, dènyèman, Akademi Kreyòl Ayisyen.
Marie-Marcelle “Maye” te ekri yon liv sou fanm ayisyen ki te rele “Like the Dew that Waters the Grass: Words from Haitian Women” epi li te pibliye anpil atik sou diferan sijè. Pwofesè Racine te patisipe nan plizyè konferans nan plizyè peyi, li te fè pati divès klib literè ak kiltirèl; li te gen anpil pasyon pou li koleksyone liv ak tout kalite tablo ak atizana.
Moun ki te gen privilèj imans konnen Pwofesè Racine te admire entèlijans li, bon jan li ak respè li te bay tout moun, imilite li ak sans imanis li, volonte li nan ede tout jan li te kapab, kapasite eksepsyonèl li te genyen nan transmisyon konesans, enèji san limit li te genyen, kote sèl maladi teka fose li kite sa.
Pwofesè Racine mouri apre mari l, Etzer. Li kite yon pitit gason l Onorab Karl A. Racine, Pwokirè Jeneral DC, ansanm ak pitit fi li, Mikaele, ak mari l epi timoun yo, men tou sè l li te renmen anpil, France Buteau, ak yon lo zanmi ak alye.
Nou menm, nan HLN, nou salye MAPOU sa a nou te gen privilèj konnen. Tanpri, pote kole ansanm avè n pou nou salye memwa li. Ke w te konnen sè nou an oswa ou pa t gen chans konnen l, tanpri le ou li mesaj saa, obsève 30 segonn silans ak yon moman aplodisman apre sa pou remèsye Pwofesè Racine pou sèvis li bay fanmi l, pou peyi li, pou kominote a, pou tout elèv li yo ak zanmi li yo. Pou yo tout, manm HLN yo ap voye kondeleyans ki soti nan fon kè nou.
Jounen an fini Maye. Mèsi, mèsi anpil. Repoze nan lapè!
Nou pap Janm bliyew.
Otè a se Madanm Gladys Longchamp nan non komite Haitian Ladies Network
Ariel, Karen, Kysseline, Nadine, Nashley, Phara, Rachel, Syncia, Thamar, Theola