Gen yon mo nan kreyòl ayisyen an yo itilize pou dekri yon seri gwo pèsonalite: mo sa a, se “ Mapou”. Tankou pye bwa nan Lafrik yo rele Baobab, Mapou a, se yon kokenn pye bwa ki viv lontan. Li se yon eleman kle nan sosyete Ayiti a, aloske ke li senbolize pisans ak rezistans. Se yon deskripsyon ki kadre byen ak lavi Dr. Marie Marcelle Racine ki travèse lòt bò nan dat 23 jiyè ki fèk pase a, nan lapè, aloske fanmi li te avèk li.
Maye, jan tout zanmi li te konn rele li, te yon moun ki pa fè kont ak pèsonn, men ki te aji ak detèminasyon e konviksyon pou li reyalize objektif li: asire etidyan li yo kapab rive aprann kòrèkteman sa li t ap anseye yo. Kòm pwofesè, pa te gen tankou li. Pa gen youn nan etidyan li yo ki pa te rekonèt Dr. Racine te yon pwofesè san parèy. Li te gen yon kapasite estwòdinè pou konekte ak moun.
Maye pa te janm manke mande mwen kouman pitit fi mwen t ap pwogrese lekòl, e li te tèlman kontan aprann li t ap travay byen san pwoblèm. Se konsa li t ap veye sou tout etidyan li yo. Mwen pa kwè mwen janm wè Maye move sou yon moun; okontrè, preyokipasyon li, se veye pou tout moun te byen.
Non sèlman mwen te kapab konsidere Pwofesè Racine kòm zanmi mwen, men, mwen te rive pataje tit kolèg avèk li nan Akademi Kreyòl Ayisyen an, yon enstitisyon limenm ak defen lengwis ayisyen Yves Déjean te travay anpil pou mete kanpe. Se tout nanm li li te mete nan aktivite pwomosyon lang kreyòl ayisyen an li te konsidere tankou yon eleman kle nan konsolidasyon idantite ayisyen an. Menm apre li pran retrèt li, li bay tout tan li nan anseye kreyòl nan Inivèsite District of Columbia, nan Anbasad Ayiti nan Washington D.C., ak plizyè lòt kote. Se menm lespri angajman sa a ki fè li toujou prezan nan tout kalite aktivite ki te gen pou wè ak Ayiti, osnon ki te konsène dwa sivil, respè dwa moun toupatou. Se nan anvironnman sa a Maye ak defen mari li, Etzer, te leve pitit yo, Karl ak Mikaele.
Maye travèse, men nanm li ap toujou la avèk nou, ak pitit fi li, Mikaele, mari li ak pitit li yo, ak pitit gason li Karl, Avoka prensipal pou Washington D.C., sè li France Buteau e ak tout zanmi li yo.
Mwenmenm ak fanmi mwen, n ap prezante kondoleyans nou bay fanmi Dr. Racine. Moman sa yo pa janm fasil, men omwens, nou konen Maye gen tan reyalize anpil bagay pandan pasaj li sou tè sa a.
Se ak anpil emosyon m ap sonje kouman mwen te ka rele li, non pa Dr. Racine, osnon Pwofesè Racine, men sèlman Maye. Ale repoze nan lapè, Maye, ou byen travay!
Serge BellegardeTradiktè, Òganizasyon Eta Ameriken (Retrete) Manm Akademi Kreyòl Ayisyen